Anpil nan nou ap fè nwit blanch

N ap bat night, se pa pou n etidye, ni pou n travay,

men se kalvè lavi k ap sakaje nwit nou

Li fè n rete je kale, ap gade plafon kay nou

Pandan n ap espere yon solisyon k ap sòti nan obsèvasyon nou, petèt.

Anpil nan nou ap fè nwit blanch…

Se pa pou plezi, men paske lespri nou ap vwayaje

ap chèche orijin traka nou yo

N ap mande konbyen tan ankò pou n tann jiskaske solèy la deside leve sou lavi nou.

Anpil nan nou ap fè nwit blanch…

Pa paske se sa nou vle 

Men paske n ap chèche repons nan silans nwit lan.

N ap chèche lapè ke somèy pa ka ban nou

Paske lè n fèmen je nou,

kochma konn pran plas rèv nou.

Anpil nan nou ap fè nwit blanch…

Paske tout sezon yo sanble lajounen

Epi nou toujou espere l ap diferan lannwit

N ap konte chak minit, chak segond

Nou santi tan an long, twò long!

Anpil nan nou ap fè nwit blanch…

Paske nou swaf wè tan pa nou rive

Nou bezwen wè yon lòt sezon

Nou bezwen wè kè nou kontan

Pou jou yo pran lòt koulè ke koulè sonb sèlman.

Anpil nan nou ap fè nwit blanch…

Paske n ap tann lakansyèl lavi nou parèt

Paske se nan mitan lannwit sèlman nou ka pran yon ti souf avan n rekòmanse yon lòt jounen ki plen ak sekous.

Anpil nan nou ap fè nwit blanch…

Men m ap mande m:

Èske n ap dòmi yon jou?

About Author

inspirationmh

Article Précédent

Article Suivant

Leave a Reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *